Pandan tout tan lòm gentan fè sou tè sa, genyen anpil diskriminasyon (prejije) ki fèt deja. Nan lemonn jodi a, yo kalkile valè yon moun selon enpòtans li, entèlijans li. Poukisa nou toujou twouve moun ki viv kòmsi rich yo vo plis pase pòv yo, kòmsi moun ki edike vo plis pase moun ki pa edike ?